Économie

Économie

​Analiz sou zafè restoran kominotè yo

Réflexion Économiste Ferdinand Robenson

Rubrique Économique : Toute la ville en parle!

Tous droits réservés 19/05/2018, 
@Radyo Tele Idantitew

Jounen jodi a, grangou se yonn nan pi gwo pwoblèm pèp ayisyen ap konfwonte. Se sa, san dout, ki pouse gouvèman an rewouvri kèk restoran kominotè nan anpil zòn, sitou kote ki gen sila yo ki ap viv plis nan kras yo. Fòk nou di, anpil moun bat bravo lakontantman pousa! Kesyon nou ka poze, ki rezilta konkrè yon demach konsa ka bay?
Zafè separe manje bay moun ki pa kapab te la lontan. Nan wòm antik, te glen plizyè lwa ki te otorize gwo zotobre yo nan Leta a separe manje bay moun. Nou ka site, lwa klodya, lwa orelyen ak lwa sanpwonya. Se vre grangou te diminye men li te kondwi wòm antik nan yon defisi bidjetè ki te lakoz li pa ka kontinye achte sèvis Barbares yo, tout moun konnen kòman sa te fini… Nan peyi Angletè, gen yon lwa ki te batize nan lang franse la loi des pauvres ki te pèmèt gouvènman an bay moun ki nan malsite yo moso lamanjay… se mouche Malthus ki te rele anmwey kont lwa sa lakoz, selon li, li pèmèt moun yo gen yon nivo vi san travay, epi yo ap plede fè pitit… 
Nou rekonèt kontèks yo pa menm. Men nan ka Ayiti a, grangou se yon pwoblèm estriktirèl li ye, li pa konjonktirèl. Kidonk, separe plat manje pap ka rezoud pwoblèm sa. Padan nap panse pou n pote yon solisyon dirab, nou te ka toujou bay moun kèk plat manje annatandan nou redrese pwodiksyon agrikòl nou an. Men jan nap fèl la, se rantre nap rantre moun yo pifon nan assistanat, sa ki reprezante yon gwo danje.
Sou plan ekonomik, li ka lakoz gwo dega sou ekonomi peyi a. Li ka ogmante defisi bidgetè nou; li ka ogmante defisi komèsyal nou tou paske se diri etranje ak poul mouri yo bay moun yo, de (2) pwodwi ki soti lòtbò; nap dekouraje pwodiktè lokal yo; nap raple Ayiti se yon peyi essentiellement agricole, mwen menm mwen di éventuellement agricole; li ka lakoz revni peyizan yo bese, sa kap rann yo pi pòv; PIB a ka diminye. Nou tout konnen depi PIB a diminye, chomaj la gen gwo tonton chans pou l ogmante si nou ap swiv sa ekonomis yo rele la loi d’Okun nan. Kidonk, olye moun yo ta vin pi bon, yo ap vin pi mal nan yon tan ki pi long!
Si se imaj kap jere, se yon bon desizyon… Men si toutbon se sitiyasyon malsite a yo vle korije, se pa bon estrateji a sa! Epitou, èske te gen yon etid ki te fèt pou wè ki enpak fòm mezi sa yo gen sou sitiyasyon lavi moun yo? M pa kwè!
Mwen konseye nou pito, pandan nap bay moun yo plat manje, solisyon konjonktirèl, debouye nou bay pwodiksyon nou an jarèt, solisyon estriktirèl, si nou vle grangou kaba toutbon vre! Moun kap bat bravo pou desizyon sa yo, nan jan yo pran l la, se ant yo gen movèz fwa oswa yo nan nwa!

Related posts

Leave a Comment